Skip survey header
Low Vision Mode Haitian

SONDAJ POU MOUN KI BEZWEN TRANSPÒ NAN VIL BOSTON

Mèsi paske w pran kèk minit pou w konplete sondaj sou transpò sa a. Vil la ap travay sou yon plan transpò alontèm pou katye w la. Nou vle asire nou ke plan sa a bon pou ou. Nou vle konnen pi plis sou fason ou nòmalman deplase pou w ale kote w bezwen yo pandan ane ki sot pase a oswa ozanviwon peryòd sa a – pa pandan epidemi aktyèl coronavirus la. N ap mete repons ou yo ansanm ak repons lòt moun yo nan yon rapò piblik ki pral sèvi kòm enfòmasyon pou pwojè transpò nan zòn kote w rete a.  Si ou gen nenpòt kesyon oubyen si ou gen enkyetid sou sondaj la, silvouplè voye yon imèl bay BTDsurvey@boston.gov. Mèsi!