Sote antèt sondaj la
Kreyòl Ayisyen
The New York City Department of Education

Avi ak fòm pou pa resevwa kourye lekòl charter

NYC DOE pataje kounye a avèk founisè nou anplwaye pou voye kourye piblisite pou lekòl charter enfòmasyon sa yo: adrès kay, kòd postal, ak nivo klas pitit ou a. Nou pa pèmèt founisè pou vann enfòmasyon w, bay lòt ajans li, ni itilize l nan lòt objektif. Yo pa pataje enfòmasyon w dirèkteman avèk lekòl charter yo ni òganizasyon charter yo.

Ou gen dwa pou refize resevwa kourye sa yo. Si w pa gen pwoblèm pou resevwa kourye sa yo, ou pa bezwen fè anyen. Si w pa vle resevwa kourye nan men founisè jan nou dekri sa pi wo a, tanpri ranpli sondaj pi ba a epi voye l ba nou. Ou ka ranpli tou yon fòm an pèsòn nan lekòl ou a.

1. Tanpri sonje: w ap bezwen nimewo ID inik (nimewo OSIS) pitit ou a pou ka ranpli sondaj la. Si w pa konnen nimewo OSIS pitit ou a, kontakte biwo resepsyon oswa paran kowòdonatè nan lekòl pitit ou a pou ede w.